Anlè - KANIS, Baky

Anlè - KANIS, Baky

  • Rok wydania: 2017
  • Język: ht
  • Czas trwania: 4:11

Poniżej tekst piosenki Anlè , wykonawca - KANIS, Baky z tłumaczeniem

Tekst piosenki „ Anlè ”

Oryginalny tekst z tłumaczeniem

Anlè

KANIS, Baky

Tèt anlè

Ret anlè

Toujou anlè

Pitit Bondye pa janm ret atè

Ekstraterès m pa moun

Sèl monn selès ki konprann mwen

M pa manbo m se yon manman tanbou

Sa fè dèfwa yo konfonn mwen

M alèz

Tout chache m chache m pa jwenn tchalenj

Sak te vle fè maji sou mwen yo tout tonbe nan falèz

Tande twonpèt la

Wo, m ap vini

M jwenn limyè tankou Kris

M retire nanm nan blakawout

Retire vis, pote jistis

Bay levanjil nan tout kafou

Tèt anlè

Ret anlè

Toujou anlè

Pitit Bondye pa janm ret atè

Voye je w anlè pou gade m

Pa gen plas pou mwen isi ba

Pa gen wayom pou wa sa

W pa gen pwa rale kò w la ti sina

Anlè li ye

Lè map pase

Paka touche m ak fistibal

Nou fè ginen danse lè w tande bidimbimbidimbimdibaw (anlè li ye)

Pa chache m nan mitan yon m s’on w espri ginen

Rele sa w pa wè san trase vèvè w ap resi kimen

W ap resi di mwen sa k fè syèl ak tè pa ka fè lapè

M ap fè lago ak etwal pandan ti egri ap fè bèk atè (anlè li ye, ayibobo)

N ap chache m nan syèl na wè m

M se pitit limyè e solèy f’on sèl avè m

Albòm nan nèk lage nantre tout sa k te hit

Baky, Niska n tèlman vole wo djòs rele n satelit

Tèt anlè

Ret anlè

Toujou anlè

Pitit Bondye pa janm ret atè

NASA pako konprann èt tankou m ki sot nan lespas

Lasyans ap chache konnen kote m pase m pa janm kite tras

Pa gen anyen ki ka deplasem, tout sam kreye monte depase m

M se yon mèvèy pou ou, piti Bondye se li k reklame m… yeah

Kisa m aprann sou latè?

Tout sa k kiss ou ka kaka w

Menm sak viv ou pral avè w, lè w sou pouvwa w y ap la nan dada w

Se pa monte nou wè m ap monte

Desann n ap plede desann

Se mistè a, fò w gen sajès pou w rive konprann… anh

Manman Mari di yo m gen kontwòl tout lame a

Pandan y ap rablabla di yo m pral fè hit tout ane a

M anlè zanj mwen yo kanpe an militè

Enèji m pouse reyon, m anvayi nan tout linivè…anh

Tèt anlè

Ret anlè

Toujou anlè

Pitit Bondye pa janm ret atè

Manman Mari

Tèt anlè

Ret anlè

Toujou anlè

Pitit Bondye pa janm ret atè

Manman Mari di yo m gen kontwòl tout lame a

Tèt anlè

Di yo m pral fè hit tout ane a

Ret anlè

M anlè, zanj mwen yo kanpe an militè

Toujou anlè

Inne utwory tego artysty:

Nowe teksty i tłumaczenia na stronie:

Ponad 2 miliony tekstów piosenek

Piosenki w różnych językach

Tłumaczenia

Wysokiej jakości tłumaczenia na wszystkie języki

Szybkie wyszukiwanie

Znajdź potrzebne teksty w kilka sekund